12/01/2023
Nou te pibliye atik nòt sa an 2015. Ou te wè l deja?
BIYODIVÈSITE
Biyodivèsite se yon mo ki pran rasin nan yon mo grèk ki se [ BIOS ] ki vle di LAVI ak yon lòt mo ki se [ DIVÈSITE ]ki vle di ANPIL, PLIZYÈ. Yo konn di tou Divèsite Biyolojik paske se maryaj 2 mo sa yo ki bay li.
Men kisa BIYODIVÈSITE a ye menm?
Biyodivèsite se bann ak pakèt eleman ki vivan epi k'ap viv yon kote ke yo ka rete ladan. Eleman sa yo kapab bèt ak plant tout kalite. Se tout sa ki vivan nou kapab wè ak je nou oubyen nou bezwen mikroskòp pou nou gade yo paske yo twò piti pou je nou wè yo.
•Gen divèsite entraespesifik: sa se divès, plizyè kalite vivan ou jwenn anndan yon sèl espès, menm espès la. Egzanp: Nan espès Mayi a (Zea mays), gen plizyè varyete: gwo grenn, ti grenn, grenn won, grenn long, grenn jôn, grenn wouj; diferans ki gen ant plizyè ras chyen ki egziste yo.
•Gen divèsite entèespesifik, sa gen awè ak kantite espès ki genyen, plizyè espès ki pa menm. Egzanp: Gen 2 espès elefan, gen plizyè milyon espès ensèk
Gen chèchè ki divize biyodivèsite a an 3 moso. Men n'ap divize li an 2:
•Biyodivèsite tèrès: se tout eleman vivan k'ap viv sou tè a, anba tè a ke nou ka wè ak je nou ou pa.
•Biyodivèsite akwatik ak marin: se tout eleman vivan k'ap viv nan dlo dous ak dlo lanmè (dlo sale) ke nou ka wè ak je nou ou non.
Nan yon biyodivèsite gen plizyè ekosistèm. Yon ekosistèm se yon espas, yon kote ki gen eleman vivan k'ap viv ladan (bèt, plant, mikròb) ak anpil lòt ki pa vivan (klima, tip tè a, topografi a). Eleman ki vivan yo fè yon kolonn yo rele BIYOSENOZ.Sila yo ki pa vivan fè yon lòt kolonn yo rele BIYOTÒP.
Tout eleman yo, nan kèlkeswa kolonn yo ye a, gen awè ak lòt eleman ki nan menm kolonn ak yo epitou lòt eleman ki nan lòt kolonn nan.
Awè sa yo konn bon avantaj pou yon sèl eleman. Lè sa yo di awè a inilateral. Li konn bon pou tou 2 eleman yo tou. Lè sa yo di awè a bilateral. Yo konn di li miltilateral tou lè eleman ki gen awè yo plis pase 2.
Awè sa yo tèlman enpòtan ke nou ka konsidere yo tankou yon kondisyon menm pou eleman yo viv nan kolonn pa yo a. Si yo pa nan kondisyon sa, lavi ap difisil pou yo. Si yo pa ka adapte yo y'ap peri jiskaske yo disparèt. Chak eleman sa yo enpòtan nan biyodivèsite a. Cheni an bezwen fèy la pou li manje, poul la pral manje cheni an. Moun pral manje poul la. Yo rele sa "Chenn alimantè" epi chenn sa toujou kòmanse ak yon vejetal sa vle di yon plant. Si yon sèl nan eleman yo pa la, sa ap kase chenn la. Kidonk, ekosistèm lan pral mache brete paske gen yon dezekilib.
Nou menm lèzòm nou gen responsabite pou nou pwoteje tout sa ki gen nan anviwonman nou nan fason n'ap sèvi avèk yo, jan n'ap modifye yo. Sinon n'ap kontinye kreye yon sentiwon pwoblèm ki kòmanse kote nou aji a. Pa gen dout nan sa, tout mache brete ki gen nan lanati se nou menm lèzòm ki lakòz yo. Epi mande tèt nou lè sentiwon pwoblèm nan ap vin tache kiyès k'ap anba dan bouk la?
DESPEINES RALPH WENDY JR, AGR
[email protected] ( pou kòmantè'w ak sa'w ta renmen mande'm)