Fèm Zaka

Fèm Zaka Fèm AZAKA se yon antrepriz agrikòl,k ap fè pwomosyon ak pwodiksyon poul ak lòt volay. Kidonk, nou

14/09/2024
Kon sa wi, n ap nouri lide a.🐥🐣
13/03/2023

Kon sa wi, n ap nouri lide a.

🐥🐣

10/03/2023

Lizay tout fanmi ZAKA a, nou kontan anonse w nou gen poulè, ou menm ki ta renmen manje yon bon poul pou fèt pak lan pa ezite kontakte nou.

Kontinye fè bouch ou plezi ak poulè ZAKA yo.. 🐣🐥

🤗
16/02/2023

🤗

Nan inisyativ GBI HT te pran pou lane 2022 a, nou FÈM ZAKA te patisipe, men se direktris nou ki t al reprezante n nan ko...
26/01/2023

Nan inisyativ GBI HT te pran pou lane 2022 a, nou FÈM ZAKA te patisipe, men se direktris nou ki t al reprezante n nan konkou sila a. Nou rive dezyèm nan pami tout pwojè kite reprezante yo. Nou tanmen ane a ak yon bèl viktwa toujou.

Mèsi Montinat Roselore paske w te toujou pare.

14/01/2023

Lizay lafanmi!

Nou envite w gade ti videyo sa kote direktris FÈM lan Montinat Roselore ap patisipe nan yon konkou ansanm ak GBI ht nou ka f on koudèy ansanm.
Se yon moman pou w konnen kisa AZAKA ye e kisa n ap regle nan kominote a ann Ayiti.

Kontinye bannou bourad ou. 🐣🐥🐓

Nou swete w pase yon bon lane pwodiksyon nan lanmou, lapè ak respè. Bon lane 2023 tout moun🫂
01/01/2023

Nou swete w pase yon bon lane pwodiksyon nan lanmou, lapè ak respè.

Bon lane 2023 tout moun🫂

Lasosyete, Kouman nou ye? Ou menm ki se elvè poul, ou nan pwodiksyon poulè ak pondez menm jan ak nou. Men kouman w kapab...
11/12/2022

Lasosyete, Kouman nou ye?

Ou menm ki se elvè poul, ou nan pwodiksyon poulè ak pondez menm jan ak nou. Men kouman w kapab prepare manje konsantre w si w pa gen ase mwayen pou w achte lakay M&M, HaïtiBoilers ak EleHaiti kòm antrepriz k ap founi elvè yo manje..

N ap kòmanse ak sa k pi fasil la, paske n konnen ann Ayiti nou toujou gen difikilte nan prepare kèk resèt.
Sa kapab bay 4 poul manje: 1 ti mamit fèy pwa kongo sèch.
4 ti mamit pitimi. N ap rache fèy pwa kongo a, n ap mete l nan lonbray pou l seche, retire pay epi moulen l Ansanm ak Pitimi an.

Men yon lòt fason si w vle prepare pou sak manje konsantre pou poul ou yo.

75 mamit mayi oswa pitimi
28 mamit pwa kongo
2 ti mamit edmi po ze moulen l oswa farin zo.

Aprè w fin fè konpozisyon sa: w ap ka bay 500 manman poul manje nan yon jou
W ap ka bay 150 manman poul manje nan 3 jou.
W ap ka bay 100 manman poul manje pou 5 jou.
Si w ta posede 50 poul w ap gen manje pou yon bon 10 jou.

Genyen plis resèt toujou men n ap tounen yon lòt fwa.
Pa janm bliye sa, nou fè rechèch yo, nou fè eksperyans yo ak Djakout Peyizan. 👋🏿

KF:GoogleImages

Fèm Azaka se yon estrikti k ap travay pou ede rete kanpe pwodiksyon volay nan peyi a, espesyalman poulè de chè ak Pondez...
06/12/2022

Fèm Azaka se yon estrikti k ap travay pou ede rete kanpe pwodiksyon volay nan peyi a, espesyalman poulè de chè ak Pondez.
Si w g on poulaye oswa w nan pwodiksyon poul menm jan ak nou. N envite w li THREAD sa sou maladi NEW CASTTLE (NYOUKASTÈL) lakay poul yo.

NYOUKASTÈL se yon maladi k atrapan anpil, li konn frape poul yo ak lòt volay tou. Se yon mikwòb ki bay maladi sa a. Chak ane li konn touye anpil poul, Sitou epòk karèm (nou pa mete chif paske yo varye). Pafwa aprè yon sechrès lè van Koumanse soufle, lò lapli koumanse tonbe.

Maladi sila a genyen anpil enpòtan a lè nou konsidere kantite bèt li kapab tiye lè l pase.
Jan nou te di piwo a, lè NYOUKASTÈL la pase li tiye tout kalte volay tankou: Pijon, poul, kana, kodenn, pentad elt.. Men kana ak Zwa genyen anpil rezistans devan maladi sa.

Kijan w pwal fè rekonèt maladi sa lakay yon volay?
Lè poul lan atrape mikwòb la, se pa menm moman an li malad. Siy maladi a pwal parèt sèlman aprè 5 oswa 6 jou pafwa menm 15 jou. Siy yo konn varye selon fòs maladi a. Mikwòb la atake tout pati nan kò volay yo tankou: Pati respirasyon, dijesyon ak sèvèl yo.
Men kèk siy..

➡️Poul yo pa sou manje
➡️Kò yo lage
➡️Zèl yo ouvè
➡️Yo gen larim nan nen yo
➡️Krèt yo vin tou nwa epi tèt yo gwo, yo gen dyare tou vèt, yo pa respire byen.

Donk, ou dwe toujou rete atantif nan moman sa yo pou w kontwole

Men kijan viris la antre nan kò yo, yo kapab pran plizyè fason, Tankou:
Lò yon bèt ki pa malad gen kontak ak yon lòt bèt ki malad, menm si li pa ta prezante sentòm yo.
Lè gen kontak ak bèt ki pa malad yo avèk materyèl ak zouti ki kontamine, tankou: Bòt, pèl, kès pou voye vann. Men kijan pou n anpeche maladi sila a atake poul nou yo, pi gwo ak pi bon mwayen an pou n kwape NYOUKASTÈL la se VAKSINASYON men gen 2 kalite vaksen pou fè prevansyon kont NYOUKASTÈL:
Vaksen Piki: Piki a pwoteje bèt la kont maladi a pandan 6 mwa, pafwa menm rive yon lane.

Li kòmanse pwoteje bèt la 15 jou aprè li fin vaksinen.
Poul yo dwe vaksinen anvan menm maladi a parèt nan zòn lan, nou pa dwe vaksinen nan moman maladi a rive frape zòn lan.
Pa janm sèvi ak vaksen ekspire, oubyen ki pat byen konsève. Vaksinen poul ki an sante yo, nou pa dwe.

Vaksinen sa k sanble malad.
Leta te rive fòme sèlman 1500 ajan veterinè nan lane 2016 pou vaksinen poul pou 10 pyas nan tout peyi a.

Kòm maladi sila a pase nan mwa desanm, fevriye ak Mas. Nou tou fè w fè konesans sou li, si w ta wè poul ou yo ap malad w ap konnen sa w dwe fè.

N ap f on lòt THREAD ankò pou pale plis sou lòt maladi, sou tretman ak konpòtman pou w genyen.

Dokiman sila a, nou puize nan rechèch pwogram direksyon sante animal ak eksperyans agwonòm nou yo nan FÈM AZAKA.

Fè yon bon lekti.

N ap swete a sekretè nou Djenms Wis yon bon rekòlt e bon konba.
04/12/2022

N ap swete a sekretè nou Djenms Wis yon bon rekòlt e bon konba.

28/11/2022
Ou menm kise elvè poul pondez ak poul blanch nou manje yo, men kèk avantaj nou jwenn nan manje vyann sa yo. Anmenmtan no...
28/11/2022

Ou menm kise elvè poul pondez ak poul blanch nou manje yo, men kèk avantaj nou jwenn nan manje vyann sa yo. Anmenmtan nou konnen gen anpil pale k ap fèt sou vyann ki soti an Repiblik Dominikèn ki fè anpil tan nan glas, yo konn bay pwoblèm pou moun k ap konsome yo. Kidonk, se sa k fè nan FÈM AZAKA n ap suiv de prè pou w epi nou pran swen pou n pwopoze w epi envite konsome poul ki soti lakay nan AZAKA. Pa ezite yon segonn kontakte nou.





Nou koube byen ba pou n salye kouraj Madan Sara yo,fanm k ap travay pou jwenn otonomi ak ekonomik yo nan sosyete a.Nou d...
17/10/2022

Nou koube byen ba pou n salye kouraj Madan Sara yo,fanm k ap travay pou jwenn otonomi ak ekonomik yo nan sosyete a.
Nou di FÒS A TOUT FANM sa yo!


📸 Abedjluniverse

Bonjour mes poules,Jodia se 1er me fèt agrikilti ak travay m jis pase di nou Mwen anvi wè nou m te gen gwo projè pou nou...
02/05/2022

Bonjour mes poules,

Jodia se 1er me fèt agrikilti ak travay m jis pase di nou Mwen anvi wè nou m te gen gwo projè pou nou m te vle fè nou monte tab ni rich ni pòv men domaj leta peyim barikadem. Mwen konnen Jodia se fèt nou men se ak dlo nan zye map di nou m pa menm gen aksè pase kwadèmisyon nan Ele Haiti poum ta pran ti lamanjay pote pou nou kwadèboukè paske 400 mawozo nan batay ak chen mechan sou tout wout la.

Poul mwen yo, mwen apenn resevwa dènye kri nou yo, yo fenk dim nou youn ap devore lòt pou grangou menm te vle di nou tanpri pa kondanem se pa mwen ki pavle pote lamanjay pou nou men se leta peyim ki pakonn sa nou vo nan pote ze ak vyann sou tab moun ki pòv yo, nan pwodui angrè biolojik (Kaka poul) pou jaden yo, nan pote fyant pou nouri lòt espès tankou pwason, nan chante kokoriko pou swetem bon revèy, nan pote ekilib ak biodivèsite, elatriye.

Mes très chères poules, tout rèv mwen se te rete isit e ranm mwen itil a travè nou ak peyim, dayè m santim gen enèji, lanmou ak fòs pou sa em pajanm neglije priye e resite vèsè di joum chak maten: " Jenn fanm kou gason travay durrr jiska zo w fèw mal pou vyeyès nou pa kritike jenès nou. Spencer 1er V 1er ".

Hummm mouche leta bann otorite san vègòy bann rès moun, ministè agrikilti pèpè Kidonk sa pa di nou anyen toujou? Nap kontinye tann bòl nou nan mandisite, nou pap netwaye peyi a de gangster poun bay wout ak relans pwodiksyon Agrikòl peyi a?

Ayiti m ale wi🏃‍♂️🏃‍♂️🏃‍♂️🏃‍♂️🏃‍♂️

Dr Spencer JN-PIERRE, MVZ
Peyizan Patryòt!

23/01/2022

Like = 1 Vòt
Pa neglije vote pou FÈM ZAKA

Fèm Zaka ap travay pou l bay kominote vèrèt la ak zòn ki antoure l yo pi bon sèvis nan jou k ap vini yo. Pa ezite ekri n...
15/01/2022

Fèm Zaka ap travay pou l bay kominote vèrèt la ak zòn ki antoure l yo pi bon sèvis nan jou k ap vini yo. Pa ezite ekri nou, rele nou pou pase kòmand yo.

Rete Djougan 💪
Kwè nan rèv nou yo🤑

25/12/2021

Bonswa tout moun.

Fèm ZAKA ap fè moun Vèrèt ak zòn ki kouwone l yo konnen poul li yo pare, nou ka pase nan BARAJ oubyen rele nan nimewo sa yo.

Telefòn: 33770519/43777015

Bon makaya tout moun.

Adresse

#114, Avenue Gessé
Verrettes

Téléphone

+50933770519

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Fèm Zaka publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Fèm Zaka:

Vidéos

Partager